Oh! Se tout moun sa yo ki kouri Gresye ?

0


 Oh! Se tout moun sa yo ki kouri Gresye ?  


Nan lanwit 10 pou ouvri 11 me ki sot pase la nèg a zam te atake komisarya Gresye a. Selon OIM kise Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon yo deklare pandan atak sa, gen anviron 4500 moun ki oblije kouri kite kay yo. 


Selon menm enstans lan, pami moun ki tap kouri yo gen 92% ladan yo se Lewogan yo te oblije ale, gen 4% ki pran direksyon Nip epi rès yo te rete nan Sid la. Òganizasyon an fè konnen 73% nan moun ki deplase yo se plizyè lòt fanmi ki resevwa yo. 


Nasyonzini aprann nou deja gen 362.000 moun ki kouri kite kay yo nan peyi a kote majorite ladan yo se timoun. Pami yo gen  160.000 kap kouri kite kapital la pa rapò ak sak rive Gresye a chif sa yo pral kòmanse ogmante nan jou kap vini yo. 


Nap raplew, lapolis akonpanye ak Komisè Muscadin te rive repran kontwòl komisarya Gresye a ankò men moun kap viv nan zòn sa pa santi yo an sekirite akoz yo estime nenpòt kilè nèg yo ka chwazi anvayi yo ankò. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire