Barcelone vle vann e ranfòse efektif yo a pou sezon pwochèn

0


 Barcelone vle vann e ranfòse efektif yo a pou sezon pwochèn



Ekip k ap antrene pa Xavi Hernandez la wè ke sezon 2023-2024 la pral fini kote yo pa ranpòte okenn tit, men nan koze vye sezon sa ke yo fè a pral rann yo pral aktif sou mache transfè k ap gen pou vini an e nan sans sa yo vle debarase yo avèk kèk jwè kad pou rantre kòb pou achte lòt jwè foutbòl.


Selon SPORT kise yon jounal ki pwòch klèb Barcelone nan t a revele ke dirijan yo vle debarase yo avèk twa jwè ki se De Jong, Raphinha ak Ronald Araújo pou wè nan ki fason yo teka achte Kimmich, Bernardo Silva ak Nico Williams pou sezon pwochèn.

Xavi Hernandez vle bati on ekip k ap plis konpetitif an Ewòp e nan sans yo vle fè yon gwo mache transfè pandan ete sa.


Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire