Ren" chwazi Garry Conille kòm Premye minis

0


 Ren" chwazi Garry Conille kòm Premye minis 

Regwoupman pou yon Antant Nasyonal, ki gen reprezantan li nan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, voye nan sans sa a, yon korespondans bay Prezidan Edgard Leblanc Fils, pou enfòme l de chwa yo pou pòs Premye minis lan. 


Nan sans sa, sivès lòt estrikti tankou CNEH, MUTH, CTH, CTSP deside sipòte chwa doktè Garry Conille kòm Premye Minis, li te deja okipe pòs sa deja, soti septanm 2011 pou rive mwa me 2012. 


Menm si gen plizyè moun kite vle pòs la men doktè Garry se youn nan moun "Ren" an te vle akoz yo estime se youn nan moun ki tap konbat koripsyon nan peyi a. Prezidan CTH la Jacques Belzin fe konnen anons premye minis lan ap fèt ofisyèl nan jou kap vini yo. 


Nap raplew, gen lot antite tankou Konfederasyon Pwotestant Dayiti ak plizyè òganizasyon nan dyaspora a ki pote sipò pa yo bay doktè Conille men nou konnen se konsèy prezidansy la kap gen poul chwazi Premye Minis lan. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire