Jan sa te toujou ap pale depi sezon pase ke ane 2024 la, Kylian Mbappé p ap rete nan PSG paske tout lide l se ale nan Real Madrid malgre sa te toujou rete sou fò m rimè men jwè foutbòl la atravè yon bout videyo ki pran rezo a anonse depa li nan klèb kapital frans lan.
"M salye tout dirijan, fanatik PSG yo, mwen vin anonse ke dimanch pwochen m ap jwenn dènyè match mwen nan Parc des Princes lan e m ap kite PSG. M ap kite youn nan pi gwo klèb ki gen nan mond lan e se youn nan klèb ki pèmèt mwen vin yon bèl jwè foutbòl e se yon fyète pou mwen pou m fè pati istwa klèb sila." Se te kèk nan deklarasyon jwè foutbòl la nan ti bout videyo a.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️