Real Madrid kalifye pou final Lig chanpyon an

0


 Real Madrid kalifye pou final Lig chanpyon an



Nan kad demifinal retou Lig chanpyon an, Real Madrid t ap resevwa Bayern Munich pou wè nan ki fason yo teka kalifye sou yo apre ke yo t al fè match nil (2-2) nan peyi Almay, men nan dènyè minit yo rive bon sou klèb Bavarois a.


Yon rankont kite dewoule avèk anpil angajman paske youn nan de ekip yo t ap jwe foutbòl e yo chak la te gen moman pa yo pandan premyè mitan an e Real Madrid bò kote pa l te jwenn plizyè okazyon pou l te make swa avèk Vinicius Junior oubyen Rodrygo Goes men a chak tan Neuer te toujou la e dèfwa tou balon an pa kadre, Bayern Munich pa t tèlman enkyete vrèman Real Madrid koz chout yo a Lunin pa t fè vrèman efò pou l te pran yo e si n ap sonje chout Kane nan ki t a pral deyò men Lunin te jwe l kanmè m e mitan an te fini 0-0.


Nan dezyèm mitan an, nou wè s on ekip Bayern Munich ki vini avèk yon lòt motivasyon kote yo menase Real Madrid anpil e ki dèfwa kreye aksyon yo ki pa fasil fini jis nan 67èm minit de je yo kont atak rapid pas pou Kane ki voye bay Alphonso Davies ki te sou kote goch la ki rive fikse Rüdiger e mete yon bèl frap pye dwat kote Lunin pa t kapab fè anyen e depi lè sa se te (1-0), e nan moman an ekip Real Madrid la te nan gwo difikilte paske ekip an fas la make e vin jwenn on bon konfyans kote yo pa t sispann pouse sou Real pou chèche dezyèm gòl la yon bagay ki pa t arive fèt paske yo te jwenn on kont atak ankò men Musiala fè pas la nan do Kane sa ki vin fè jwè anglè a pa t rive jwenn balon an, Carlo Ancelotti ki wè sa li t a pral fè de chanjman kote rantre Camavinga ak Modrić nan plas Tchouaméni avèk Kroos e lè sa li vin alan ofansif la pi byen e bò kote pa Bayern yo te vin rantre Min-jae Kim nan plas Leroy Sané e yo menm yo te tou al fèmen match la, malgre sa ekip Bayern Munich lan pa t sispann pouse sou Real Madrid e jis nan 81èm minit de je Ancelotti pral fè de chanjman ankò li retire Rodrygo ak Valverde pou fè rantre Joselu avèk Brahim Diaz e chanjman sa yo te rive pote manje nan kay la paske nan 88èm minit gen Joselu ki t a pral egalize apre frap de Vinicius Junior kote Neuer te mal negosye balon an e Joselu t ap parèt li mete balon an nan kan an e twa minit apre menm Joselu sa t a pral fè gòl (2-1) an apre on pas de Rüdiger e mete klèb yo a devan malgre nèf minit adisyonèl yo te bay ki te menm de depase koz te gen kèk ti reta men se Real Madrid ki finalman genyen rankont lan (2-1) e kalifye pou grand final konpetisyon sila.


Yon lòt final Lig chanpyon pou Real Madrid apre 2022 kote yo te chanpyon e pou ane 2024 la yo retounen ankò kote yo pral kwaze yon lòt klèb Alman ankò kise Borussia Dortmund 1e jen k ap vini la nan peyi angletè lakay Sancho ak Jude Bellingham.


Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire