Gwo preparasyon ap fèt pou Kenya!!
Lame amerikèn nan kontinye ap fè anpil preparasyon pou sòlda Kenya yo ka debake Ayiti selon sa medya RFM rapòte. Jounen mèkredi 8 me sa deja gen militè ameriken ki rantre pou vin asire sekirite ekipman ak materyèl ki rive yo.
Objektif militè sa yo se pèmet tout materyèl yo an sekirite pou kontriksyon baz misyon an, ki touprè Ayewopò Pòtoprens lany konsa twoup Kenya yo ap ka antre epi travay ak plis trankilite.
Daprè Frantz Duval, Etazini enplike totalman nan chache solisyon a kriz Ayiti a, epi fasilite deplwaman fòs la jan yo te pwomèt sa depi plizyè mwa. Se sak fè lame amerikèn ak lòt avyon Depatman deta prevwa fè plis pase 100 vòl sou Ayiti nan jou kap vini yo.
Nap raplew enfòmasyon yo fè konnen fòs miltinasyonal la pral gen poul debake sou sòl peyi a nan jou kap vini yo nan objektif frennen ensekirite a kise youn nan pi gwo pwoblèm ayisyen depi plizyè ane.
Rezo9 Aktyalite Politik
