Real Madrid pa andwa ideyal pou Kylian Mbappé
Swit apre eliminasyon PSG nan demifinal Lig chanpyon kont Borussia Dortmund lan genyen yon ansyen foutbolè ki voye yon konsèy ak Kylian Mbappé pou fè l konnen se pa klèb madrilèn nan ki posib chwa ideyal li a.
"Mwen pa sèten Madrid se bon kote pou li. Li ta dwe ale an Arabi Saoudit epi pran 350 milyon dola yon sezon an epi retounen sezon pwochen an, ane koup dimonn lan." Se konsa Marcel Desailly te pale sou koze Kylian Mbappé a nan BeIN Sport.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️