Borussia Dortmund elimine PSG nan demifinal Lig chanpyon an

0


 Borussia Dortmund elimine PSG nan demifinal Lig chanpyon an

Nan kad demifinal retou Lig chanpyon an, PSG t ap resevwa Dortmund pou wè si yo teka remonte eskò a ke yo te pèdi (1-0) nan rankont ale a men se bagay yo mal pase pou klèb kapital frans lan.

Yon rankont ki te demare avèk de ekip yo ki t ap jwe on foutbòl maladwa kote youn pa t kapab kenbe balon an pou kèk minit men ki te nan on fason pou yon lòt ki te koz nou te jwenn on vye premye mitan men kanmè m ekip Dortmund lan avèk on bon Hummels ki t ap defann byen.

Yon dezyèm mitan kote PSG te dwe al pouse pou chèche ouvri eskò a pou wè nan ki fason yo teka jwenn on lòt dezyèm gòl men malerezman se pasa ki te fèt paske nan 50èm minit genyen Hummels ki t a pral mete yo devan nan match la apre on kònè de Julian Brandt e sa te tou mete yo sou de seri a (0-2) sou PSG e sa te vin mete klèb Parisyen an nan bon difikilte, malgre rantre Barcola, Asensio epi Kang-in Lee men sa pa t pote anyen pou yo koz anpil okazyon yo te kreye t al fini sou poto oswa deyò jiska fen rankont lan ki fini (1-0) e kalifikasyon pou final Lig chanpyon an pou Borussia Dortmund.


Apre kalifikasyon sa, ekip Dortmund lan ap gen pou l tann swa Real Madrid oubyen Bayern Munich nan final la ki yo menm ap jwe demen mekrèdi a.


Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire