Real Madrid chanpyon Espay pou yon 36èm fwa nan tout istwa l
Yon ekip Real Madrid kite koumanse yon debi sezon konplike kote y ap bat sou kout viktwa difisil kont kèk ekip segonn zòn e kite menm rive ap pèdi on pakèt pwen nan koze match nil men sa pa t anpeche yo te toujou rete ak menm motivasyon an.
Real Madrid ki chanpyon Espay sa se plis yon ekip kolektif kote w kapab di pa gen on vedèt vrèman e si w ap mete an parantèz ou ka site "Vinicius Junior, Bellingham, Rodrygo Goes ak Valverde" kote w kapab di se te kle ekip sa, men m ke w paka bliye rès jwè yo tankou "Lunin, Brahim Diaz, Antonio Rüdiger, Carvajal, Toni Kroos, Modrić, Mendy, Tchouaméni, Camavinga, Nacho, Joselu ak Dani Ceballos" kite yo menm te bay tout yo menm pou te rann ekip sa pran bon direksyon nan Liga a e rive pèdi jiskaprezan 1 sèl match devan "Atletico Madrid 3-1" e depi lèsa pa t janm gen sa k rele defèt pou ekip k ap antrene pa Carlo Ancelotti a.
Yon gwo kout chapo ak Carlo Ancelotti ki fè travay pa l la avèk stil de je l la ki pa janm chanje malgre kritik pou fason l konpòte l la men li jwenn rezilta ansanm ak li.
Yon lòt bravo avèk Davide Ancelotti ki rive bay jwè yo on pakèt motivasyon pou rive kote yo rive a e avèk Perez ki te chwazi kite ekip la san on atakan pwent men yo jwenn rezilta a kanmè m.
Bravo ak Real Madrid.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
