Peyi Kolonbi pèdi plizyè gwo zam, misil, ak minisyon nan dènye jou yo kote prezidan peyi a Gustavo Pedro deklare genlè zam sa yo pran direksyon Ayiti pou pèmèt gang yo kontinye ap taye banda nan vil la.
Selon otorite Kolonbi yo, gen plis pase yon milyon bal, grenad ak misil ki disparèt. Enfòmasyon yo fè konnen rezo ki vòlè materyèl yo, vann yo a divès gwoup a zam nan peyi Kolonbi, oubyen yo ka bay yo nan lòt peyi tankou Ayiti akoz yo estime baz kote materyèl yo te ye a twouvel a kèk èd tan ak Ayiti.
Jan anpil moun kwèl, depi plizyè ane sanble te toujou gen yon relasyon ant plizyè ayisyen ak gwo dilè kolonbyen se youn nan rezon kifè mèsenè kolonbyen yo te gen men yo tranpe nan lanmò ansyen prezidan an Jovenel Moïse.
Si tout materyèl sa yo ta vreman vin Ayiti li klè ti mesye manch long yo pwal gen posibilite kontinye piye, dechèpiye tout sa yo jwenn sou wout yo paske denyè mwa sa yo se yon tray pèp ayisyen an ap pase anba men yo.
Rezo9 Aktyalite Politik