Bayern ak Real Madrid netralize youn lòt 2-2

0


 Bayern ak Real Madrid netralize youn lòt 2-2


Yon ekip Bayern Munich ki t ap domine depi nan koumansman an, Real Madrid pral fè sipriz la sou Bayern nan louvri eskò a gras avèk Vinicius sou yon sipèb pas de Toni Kroos.


Soti nan vestyè a, Bavarois yo te koumanse dezyèm mitan an byen kote yo te fè de gòl byen rapid pou pase devan nan eskò a. Premye man gras ak Leroy Sané (53') ki fè yon sipèb chout ki kite Lunin san reyaksyon. Answit, gras ak yon penalite Jamal Musiala jwenn e Harry Kane te rive transfòme l (56').


Men, Real Madrid pa t janm mouri. Vinicius pèmèt Merengue yo egalize gras a yon penalite Rodrygo jwenn.


De ekip yo kite youn ak lòt do a do. Yon lòt gwo match ap tann nou nan 7 jou nan Bernabeu a pou n konnen ki ekip k ap pase pou ale jwe final konpetisyon sila.




Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire