Carlo Ancelotti mete lis Real Madrid la deyò pou match kont Bayern Munich lan
Nan kad demifinal ale Lig Chanpyon an, Real Madrid pral gen pou jwe kont Bayern Munich nan peyi Almay pou wè nan ki fason yo kapab soti avèk on bon rezilta, men jodi a nou konnen lis definitif k ap gen pou deplase ale lòtbò sila.
Carlo Ancelotti konvoke tout jwè l nèt pou ale nan peyi Almay menm ke gen ladan yo ki p ap kapab jwe match la tankou Carvajal (katon), Thibaut Courtois (blese) ak Alaba (blese) men apresa tout rès 20 jwè yo ap disponib pou rankont sila.
Randevou madi 30 avril ak 3è pm pou gwo rankont sa.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️