Leicester City ki se yon ansyen chanpyon nan Premier League la nan lane 2013 avèk on bèl ekip kite genyen Riyad Marhez ak Jamie Vardy kò m de vedèt men ki t a pral degrenngole nan chanpyona sa sezon pase e li te oblije al jwe dezyèm divizyon men ki finalman pral tounen elit foutbòl anglè a.
Leicester City konnen yon bon sezon nan "Championship" la paske yo gentan sèten men m si yo t a pèdi rès match yo rete a y ap kapab fini dezyèm nenpòt sa k pase a, yo te oblije fè tout sa yo konnen pou yo teka asime responsabilite yo kò m yon ekip kite chanpyon Angletè nan lane 2013, men gras avèk anpil detèminasyon e kouraj yo pral jwe nan premye divizyon an ankò.
Pou Leicester City te rive jwenn chans lan pou monte nan premye divizyon an li te oblije fè 30 viktwa, 4 match nil ak 10 defèt kote l rive fè 94 pwen nan klasman an malgre li rete 2 match pou l jwe toujou nan chanpyona sa.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
