Real Madrid al genyen Real Sociedad an deplasman e pran on bon avans sou Barcelone

0


 Real Madrid al genyen Real Sociedad an deplasman e pran on bon avans sou Barcelone


Nan kad 33èm joune chanpyona Espay la, Real Madrid te an deplasman lakay Real Madrid kote y al genyen 1-0.


Se yon match kote Real Madrid te deside pa mete kèk jwè kad pou koumanse koz yo genyen on match enpòtan pou yo jwe madi nan demifinal ale Lig Chanpyon an kont Bayern Munich, men malgre sa yo byen soti nan match la avèk on viktwa tou kout gras avèk avèk Arda Güler nan 29èm minit apre on pas de Dani Carvajal e malgre on pakèt tantativ ekip Real Sociedad la te jwenn men malerezman yo pa t janm veritableman konkretize yo menm ke yo te make 2 gòl men gen youn te g on fot sou Tchouaméni e lòt la te gen òje e match la fini 1-0.



Apre viktwa sa, Real Madrid pran 14 pwen sou Barcelone ki limenm ap jwe lendi nan jounen sa kont Valence.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire