Yon gwoup nèg yo pa rive idantifye antre nan lokal le Nouvelliste ki nan rue du Centre yo kraze divès ekipman yo te jwenn anndan an, epi pote ale tout sak enpotan pou enprime jounal papye yo.
Nou konnen jounal sa gen plis pase 125 lane depi jounal la egziste ebyen ti mesye a manch long yo dechèpiyel nèt. Selon yon nòt direksyon medya a soti, yo fè konnen aksyon sa pase depi plizyè jou men kounya yo pa gen anyen yo ka fè yo lage dosye a nan men Lapolis ak Lajistis.
Jan sa ye nan kapital peyi a, depi plizyè semèn ti mesye a zam yo pa sispann ap mete latwoublay nan peyi a dayè yo kwaze lopital, famasi, lekòl, legliz, inivèsite, prizon, ti mesye sa yo moutre yo pa gen okenn limit.
Antouka nap rete tann eske vrèman bagay yo ap kontinye jan yo ye la. Aprè nou konnen ayè jedi a Konsèy la te ale enstale yo nan palè nasyonal kote yo pral gen pou misyon mete sekirite nan peyi a epi òganize eleksyon.
Rezo9 Aktyalite Politik