Moncash pral pran yon gwo desizyon nan jou yo la

0


 Moncash pral pran yon gwo desizyon nan jou yo la



Daprè responsab Moncash  yo apati premye jiyè kap vini la tout kont ki pa idantifye epi ki pa elaji pap ka fè okenn tranzaksyon sou sistèm nan. Sa ki vle di ou menm ki gen kont Moncash ou ki pa elaji kouri fè sa si non ou pap ka fe okenn tranzaksyon avèl. 


Daprè konpayi a, se yon desizyon ki pran sou obligasyon BRH. Nan sans sa, Digicel mande tout moun ki pa an règ pou jere sa, swa nan telechaje aplikasyon epi swiv enstriksyon yo, ale nan yon biwo ak yon pyès idantite oubyen jwenn ak yon ajan MonCash.



Yon moun ki ta renmen konnen si kont li idantifye dwe fè *202#, peze chif 5 epi peze 3, si li wè tip kont lan «Level 1», konnen li idantifye, si li «0» li dwe swiv demach idantifikasyon an poul ka elajil. 


Nou konnen nan dènye jou sa yo anpil abitan move kè ap pwofite pran kob sou kont moun, ou menm kap gen pouw elaji kont ou pran anpil prekosyon pa bay  nenpot moun fel pou ou dayè siw paka fel ale nan yon biwo ak pyès ou yap jere tout bagay pou ou byen rapid. 



Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire