Jounen jedi 25 avril 2024 la, Konsèy Prezidansyèl la enstale yo. Prestasyon sèman an fèt nan Palè nasyonal epi enstalasyon an ap fèt nan lokal "Vlla d'Acceuil", nan Musseau.
Pou konsèy la te ka enstale, lame a ak lapolis te oblije mete pye yo atè yon fason pou sekirize alantou palè a sitou nou konnen nan dènye jou sa yo nèg ame yo tap tante pran kontwòl li.
Jan nou konnenl deja konsèy la pral gen pou misyon, rezoud pwoblèm ensekirite a epi òganize eleksyon. Sa ki vle di Ariel Henry demisyone ofisyèlman. Se Michel Patrick Boisvert ki pral gen pou misyon jwe wòl Premye minis" enterimè "annatandan konsèy la nome nouvo PM nan.
Antouka nap tann eske vrèman 9 manm konsèy sa pral pèmèt peyi a rale yon souf kote nou konnen ensekirite a kontinye ap ravaje peyi a plis toujou nan dènye jou sa yo.
Rezo9 Aktyalite Politik
