Bòn nouvèl !! yon avyon resi ateri Pòtoprens
Gen yon avyon nan lame amerikèn nan ki ateri nan Areyopò entènasyonal Toussaint Louverture jounen madi 23 avril la, selon sa le "nouvelliste" rapòte . Medya a fè konnen se depi ayè lendi a yo tap tann vòl sa.
Selon dènye eleman enfòmasyon yo, nan jou kap vini yo la pral gen plizyè lòt avyon ki pral ateri Ayiti. Depi semèn ki sot pase a jounal ameriken an Miami Herald te fè konnen konpayi ayeryen yo ap gen pou rekòmanse ankò nan mwa me kap vini la.
Genyen American Airlines te anonse vòl yo pral reprann Ayiti jou kap 2 me kap vini. Yon lòt bò, Spirit Airlines la toujou entèdi vòl yo pou ta vin Ayiti. Poutan, JetBlue Airways yon lòt kap swiv sitiyasyon an avan menm yon pran yon desizyon.
Nap raple nou, se depi 4 mas aprè ti mesye ame yo te fin atake pi gwo aryopò peyi a kote te gen plizyè moun kite blese ebyen tout vòl te kanpe sou Ayiti. Espere nan jou kap vini yo tout bagay pral ka antre nan lòd.
Rezo9 Aktyalite Politik
Ou kwh vol yo pa ta reprann vre, gad valè moun Biden ki tap sove
RépondreSupprimer