Woy!! Peyi Kenya antre an kontak Barbecue

0


 Woy!! Peyi Kenya antre an kontak Barbecue

Selon sa plizyè jounal nan peyi Kenya rapòte, 19 avril ki sot pase la ekip Premyè Dam Kenya ak yon gwoup Pastè ki gen Ayisyen ak Kenyan te pale ak chèf kowalisyon gang ki rele « Viv Ansanm » nan, Jimmy Cherizier alyas Barbecue. 


Sa ki etone anpil moun se paske nouvèl yo fè konnen rankont sa se te pou pale ak Barbecue, pou yo ka pi byen konprann defi kap tann yo sou teren an. Rankont sa te fèt pandan Rachel Ruto kise prezidan Kenya te Etazini pou rankontre plizyè Ayisyen ak Ameriken ki se dirijan legliz, antrepriz ak Lame. 


Jan anpil nan nou konn sa, ensekirite a vin pi mal nan peyi a nan dènye jou sa yo sitou ak ti mesye " Viv Ansanm " yo ki pa sispann mete latwoublay nan kapital peyi a, dènye enfòmasyon yo fè konnen yo tap tante pran palè nasyonal la men jiskaprezan PNH la kontinye ap fè replik. 


Nap raplew, sa gen plizyè mwa depi gen yon fòs miltinasyonal ki te gen pou vin nan peyi a men malerezman jouk kounya anyen poko fèt. Eske apèl zou Premyè Dam Kenya a bay Barbecue a vle di pa genyen kap fèt  vre ? Antouka nap tann kiyès kap vin retire nou anba tray sa.  


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire