Olympique Lyonnais Feminen an bat 3-2 ekip PSG a nan dènye lè rankont lan gras avèk on gwo Melchie Dumornay

0


 Olympique Lyonnais Feminen an bat 3-2 ekip PSG a nan dènye lè rankont lan gras avèk on gwo Melchie Dumornay


Nan kad demifinal Lig chanpyon ale feminen an, Lyon t ap resevwa PSG pou wè kijan yo teka jwenn on avantaj anvan ke y al lakay klèb kapital frans lan, eben yo bat 3-2.


Poutan se ekip PSG a ki t a pral make pandan de fwa nan rankont lan gras avèk on double de Marie-Antoinette Katoto, youn nan premyè mitan an (44èm) epi lòt la nan dezyèm mitan an (48èm) minit match la. Pandan fen rankont lan, Lyon t a pral redui eskò a, egalize e fè gòl viktwa a nan sèlman sis minit. Dabò nan (80èm) genyen Kadidiatou Diani ki t a pral mete match la (2-1) jis anvan Melchie Dumornay nan (85èm) minit te mete match la (2-2) e kèlke segonn apre swa nan (86èm) minit Amel Majri te make gòl ki t a pral bay Lyon viktwa a 3-2 sou ekip PSG a apre on pas de Dumornay e pran on bon opsyon pou kalifikasyon l pou final konpetisyon sila.


Apre bèl viktwa sa ekip Lyon an ap gen pou ale lakay PSG nan match retou a 28 avril k ap gen pou vini la pou wè nan ki fason yo teka jwenn kalifikasyon sa.

Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire