Nan kad kadefinal retou Lig chanpyon an, Barcelone t ap resevwa ekip PSG a kote yo t a pral gade kijan yo te ogmante gòl ke yo te make nan match ale a (3-2) pou wè nan ki fason yo ka jwenn kalifikasyon yo men malerezman apre on katon wouj yo te fin pran sa t a pral yo efondre nan rankont lan e pèdi (1-4) lakay yo e wè klèb k ap antrene pa Luis Enrique a pase pou l al jwe demifinal.
Fc Barcelone se limenm kite byen demare rankont la apre yon bèl travay sou kote dwat yo sou pas Yamal resevwa pa Araújo e li fikse Nuno Mendes epi l pase sou li pou l santre pou Raphinha e se te gòl pou (1-0) a e lèsa PSG te nan obligasyon pou l make de gòl si l ta vle al jwe pwolongasyon men malgre sa se yo k te gen kontwòl balon an kote yo t a pral jwenn on bèl avantaj nan (29èm) minit apre on fot ke Araújo t a pral fè sou Barcola e abit santral la pa t mande priye kote l bay katon wouj la e depi lèsa Barcelone t ap jwe ak dis kont onz, Xavi Hernandez pa t pran tan pou l te fè on chanjman kote l te retire Lamine Yamal pou fè rantre Iñigo Martinez nan (34èm) minit de je e sis minit apre chanjman sa ekip PSG a ta pral egalize nan (40èm) minit pa Ousmane Dembélé ki te resevwa pa Barcola e depi lè a se (1-1), se sou eskò sa mitan t a pral fini.
Nan dezyèm mitan an nou jwenn on PSG avèk plis motivasyon, plis angajman pou wè si yo teka ranvèse sitiyasyon an, nan (54èm) minit de je genyen Vitinha ki t a pral make dezyèm gòl PSG a apre on pas de Achraf Hakimi e sa te tou mete tou de klèb yo ak menm egalite nan match la (2-3 ; 2-1= 4-4), nan (61èm) minit Kylian Mbappé t a pral mete PSG nan wout kalifikasyon l sou penalite apre on fot Cancelo te fè sou Ousmane Dembélé anndan kare a. Xavi Hernandez ki limenm te pran wouj nan match la koz pale anpil t a pral fè kèk chanjman kote l te retire Pedri, Cancelo ak De Jong pou te fè rantre Fermín, Torres ak Felix men ki pa t vrèman bay anyen pou li koz li t a pral ankese on katriyèm gòl nan (89èm) minit pa Kylian Mbappé apre on kont atak kite mennen pa Hakimi malgre tout efò Ter Stergen men li te pran gòl la kanmè m e fini rankont lan sou eskò (1-4) la nan avantaj klèb fransè a ki avanse nan konpetisyon sila.
Apre kalifikasyon sa, PSG deja konnen advèsè l pou demifinal la kise Borussia Dortmund ki limenm elimine ATLÉTICO Madrid yè lakay yo an Almay (4-2) e rive genyen seri a (5-4).
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️