Bayer Leverkusen apre on pakèt ane ap jwe nan Bundesliga a li rive chanpyon Almay pou premyè fwa nan istwa yo ak 5 joune pou fen chanpyona a fini.
Xabi Alonso vini nan Bayer Leverkusen nan mwa Oktòb 2022 kote l te vin ranplase Gerardo Seoane ki limenm te revoke pou koz move rezilta e nan epòk sa ekip sa te nan ba klasman chanpyona a men avèk rive Alonso a li te rive transfòme ekip la e rive mete l nan on nivo ke l pa t janm ye pandan on bon bout tan.
Depi arive nan ekip sa se on pakèt gwo koze l ap regle kote m rive soti nan zòn wouj ke ekip la te ye pandan arive l la e voye l al jwe Ewopalig pou sezon sa, men koz bon rezilta li t ap fè nan ekip sa eben prezidan klèb la te deside pwolonje kontra l nan klèb la pou jiska 2026 e yo te tou deklare ke misye pa pou vann.
Pandan sezon 2023-2024 la, Bayer Leverkusen ap chame on pakèt sipòtè e menm laprès osi paske yo soti de yon ti ekip e monte kò m (gwo ekip) pou sezon sa. Yo demare sezon an de viktwa an viktwa menm ke gen ti nil ladan n men sa ki rele "defèt" la pa egziste pou ekip sezon sa nan tout konpetisyon konfondi.
23 fevriye 2024 la, Bayer Leverkusen te bat on rekò envensibilite pou on ekip Almand tout konpetisyon konfondi avèk 33 match san ke l pa konnen defèt kote lèsa l te fin bat FSV Mayence 05 nan Bundesliga a (2-1). Eben pakou sa te rive kontinye pou yo kote yo rive fè (4 pwen) sou Bayern Munich ki limenm te chanpyon an tit nan chanpyona a, men avèk on konfyans ekstrawòdinè ekip Bayer Leverkusen nan chanpyon Almay pou premyè fwa nan istwa yo apre viktwa yo jodi a dimanch lan (5-0) sou SV Werder Bremen e vin jiskaprezan ekip ki rive san ke l poko fè yon defèt nan chanpyona Almay foutbòl la.
Se yon tit ki plis ke merite pou klèb sa ki soti lwen pou rive jiskela avèk on kotch ki t ap fè premye zam nan wo nivo a sou sòl ewopeyen an e an plis avèk on pakèt jwè mwayen si m kapab di l konsa ki vin transfòme an fò m (gwo jwè) e rive mete on gwo gwo rekò nan Bundesliga a.
Pou ekip sa rive chanpyon Almay se👇
29 match🏟
25 viktwa✅️
4 match nil🤝
Bayer Leverkusen ki sot chanpyon Almay kapab fè on triple koz li nan kadefinal Ewopalig e li kalifye pou final koup Almay la.
Chapo ba pou Xabi magic Alonso🔥🔥🔥🔥
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️