Nan anviwon 4 jou anvan match retou kadefinal Lig chanpyon an kont Real Madrid, ekip Manchester City a fè yon bèl viktwa nan Premier League la pou pran tèt klasman an pwovizwaman.
Ekip k ap antrene pa Guardiola a t ap resevwa Luton Town pou match ki konte pou 33èm joune PL la rive pilverize yo (5-1) nan Emirates Stadium lan.
Atakan nòvejyen an kise Erling Haaland ki pa t rive fè on bon match ale kont Real la, men ki rive make yon gòl yè sou penalite e vini youn nan jwè ki make kont tout ekip ke l afwonte nan Premye Lig la.
Manchester City ki limenm nan yon kous pou genyen twofe chanpyona a e twouve l nan premye plas klasman an avèk 73 pwen anvan ke Arsenal ak Liverpool poko jwe match pa yo a.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️