0


 Yon ajan imigrasyon Dominiken vyole yon ti jèn ayisyèn


Selonn eleman enfòmansyon yo, yon ajan Imigrasyon met lapat sou yon jèn ayisyèn ki gen sèlman 14 lane. Daprè ministè afè etranjè an Ayiti a zak sa te fèt nan pwovens Altagracia kote ajan sa fini ak ti ayisyèn nan. 


Done yo fè konnen, ajan an te pran pretèks lap fè kontwòl dokiman, epi pwofite de absans paran tifi a pou antre lakay li pou fèl abi sa. Yon aksyon gouvènman Ayisyen an kondane, nan yon nòt yo mete deyò jodi samdi a. 


Ministè a deklare yo deja pase enstriksyon ak konsila Ayiti nan Higuey a pou pote asistans yo bay viktim nan ak tout fanmil konsa yap ka simonte gwo epwèv sa paske li pa fasil pou fanmi an. 


Pandan dominiken ak depòte ayisyen sa pa anpeche yap vyole ti jèn fi nou yo. Se sak fè gen moun ki estime sa se yon ka yo jwenn petèt dominiken konn gen abitid fè sa deja paske se pa yon nasyon kite janm renmen  ayisyen. Antouka ! 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire