Depi balon frape "Football Actualités" di prezan
Depi 25 jiyè 2022, "Football Actualités" pa sipann ap fè pale de li nan fason yap enfòme fanatik foutbòl yo. Se youn nan rezon kifè anpil moun ap felisite staf la paske yo pa janm manke enfòmasyon sou tout sa kap pase nan footbòl mondyal la.
Youn nan fòs yo genyen, yo bay nouvèl la janl ye a sa ki vle di yo pa defòme enfòmasyon yo. Anplis de sa, nenpòt kote balon an bat yo prezan, si ou ap gade byen enfòmasyon yo soti tout kote. Non sèlman chanpyona ewopeyen yo se yo, azi, afrik, amerik, elatriye depi balon woule yo la pou yo enfòmew de sa kap pase a.
Ou gen dwa ap di tèt ou kisa kifè "Football Actualités" se youn nan referans ki genyen sou rezo yo ? Ebyen rezon an pa lòt bagay, se yon paj imedyatman enfòmasyon an tonbe yo tretel byen rapid epi yo patajel ak piblik se sak fè depi ou fin abòne ak paj la enfòmasyon espòtif yo vide sou ou tankou grenn lapli.
Si wap gade byen, paj la pa sispann ap pwogrese, anpil fanatik ap abòne avèl. Pou kounya platfòm nan gen 220 mil abòne sa vle di anpil moun konprann travay la, yo apresye sa kap fèt la, yo konnen depi yo bezwen tout dènye nouvèl sou foutbòl se la yap jwenn li.
Bon ou menm fanatik boul, tizè boul, kisa wap tann pouw al abòne ak "Football Actualités" pouw ka jwenn ti sik boul ou. Sèl sa nou garantiw lèw fin abòne wap di tèt ou platfòm sa ou te dwe konnenl deja paske gen anpil bèt kap tonbe.