Kèk nan istwa Romário Ou dwe konnen

0


 Kèk nan istwa Romário



Romário De Souza Faria li se yon ansyen entènasyonal brezilyen ki fèt 29 janvye 1966 nan vil Rio de Janeiro e pou le moman li genyen 58 lane e li mezire 1,67m, li te konn evolye kòm atakan pwent.


Romário pa t fèt nan yon gran fanmi paske bagay yo te difisil pou li anpil, men lita pral twouve afè jwe foutbol la pou l te kapab retire tèt li nan zafè pabon an, jwè a ta pral make premye gòl li sou koulè fòmasyon De Vila Da Penha epi rapidman jwè a te vin twòp pou klèb la e yo ta pral transfere l bay Olaria epi yon Kontra avèk Vasco de Gama e mesye a ta pral briye e lita pral pran premye tit li nan klèb la e avèk ekip nasyonal la. Sete nan lane 1985 li t a pral pran premye tit entènasyonal li, chanpyona amerik di sid Junior sete lakay Paraguay epi nan lane 1987 e 1988 li ta pral pran 2 fwa chanpyona Rio a avèk Vasco e kite pèmèt li entegre Seleção a kita pral finalis nan Je Olenmpik De Séoul la e n ap fè w konnen li te fini meyè bitè konpetisyon an, avèk tout reyisit sa yo li ta pral jwenn yon klèb ewopeyen mande pou li kise PSV Eindhoven avèk klèb sa li te pran 6 tit nan 5 sezon lite fè epi li ta pral jwe nan Fc Barcelone sou lòd Johan Cruyff, pèp katalàn nan te renmen Romário e li te bayo chanpyona d'espay la e lite meyè bitè konpetisyon an e lite menm rive fè final C1 an men pèdi fas Milan Ac. Men jwè a ta pral briye nan Mondyal Itali t ap òganize nan lane 1990 la kote l t ap jwe yon wòl pasif lite menm fè 5 gòl nan CDM sa. Nan lane 1994 lita pral fini meyè jwè mondyal la kote Brezil te ranpòte fas Itali nan tiwobi e li te ranpòte tit meyè jwè sou ane a pa FIFA, li te vini premye brezilyen kite ranpòte tit sa kite kreye nan lane 1991lan kote 3 premyè jwè kite pran l yo sete Lothar Matthäus, Marco Van Basten e Roberto Baggio epi 3 lane apre li t a pral pran yon lòt tit ankò kise kopa Amerika nan lane 1997 e malerezman li pa t patisipe nan mondyal 1998 la koz li te blese yon mwa avan konpetisyon an te koumanse epi 2002 li te gen yon ti pwoblèm enkonpatibilite avèk Scolari e seleksyonè a te tou pa t konvoke l pou l te ale nan Mondyal brezil t a pral ranpòte 5èm tit li fas Allemagne 2-0 avèk 2gòl de Ronaldo R9.


Romário jwe nan klèb 886 match pou 688 gòl li make epi nan Seleksyon brezilyèn nan se 70 match pou 55 gòl epi a note lite Antrene Vasco de Gama sezon 2007-2008 e pou moman sa li se senatè federal nan vil Rio de Janeiro, li an fonksyon depi 1e fevriye 2015 epi li te Depite federal de Rio de Janeiro sòti 1e fevriye 2011 rive 31 janvye 2014 (2 lane, 11 mwa e 30 jou) .


Romário sete yon gwo bitè malgre tay li sa pa t anpeche li vole wo paske li fè kèk tèt tou sete sans drib yo, batay fizik la, kous li yo, frap de lwen yo anfen sete yon jwè kite bèl pou moun gade nan jwèt la.


Lamarre Jameson✍️✍️✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire