Gad kotyè amerikèn nan, ki nan San Juan, fè konnen madi 9 avril ki sot pase la yo arete 96 migran dominiken ak 7 ayisyen nan moman yo tap tante antre nan peyi Pòtoriko ilegal.
Done yo moutre se depi samedi ki sot pase la, entèvansyon yo te kòmanse nan moman gad kot yo tap vwayaje nan yon ti avyon. Yo deklare yo te met men sou yon yawl ki te parèt sispèk nan moman li tap tante apwoche kanal Mona a ki nan lwès peyi Pòtoriko.
Se aprè arestasyon sa, gad kot yo pral arete plis pase yon senkantèn migran pami yo te gen 51 dominiken ak 6 ayisyen. Dimanch ki sot pase la yo te arete 2 migran, avan gad kot yo te arete 11 dominiken ak yon ayisyen.
Nap raplew otorite Pòtoriko yo te deklare soti premye oktòb 2023 pou rive 31 mars 2024 gen yon trantèn operasyon yo mennen kont migran kap eseye apwoche Pòtoriko. Pandan operasyon sa yo, 932 etranje jwenn arestasyon yo, pami yo, gen dominiken 890, 41 ayisyen ak yon dominiken
Rez9 Aktyalite Politik
