Nan kad kadefinal ale Lig chanpyon an, Real Madrid t ap resevwa ekip Manchester City a ki limenm se dènyè chanpyon konpetisyon sa a, men se yon match ki finalman pa gen venkè ladan n kote l rive fini 3-3.
Se yon match kite mal koumanse pou Real Madrid kote yo t a pral ankese yon gòl byen bonè apre on fot de Tchouaméni sou Jack Grealish depi nan 45 segonn eben Bernardo Silva t a pral siprann Lunin e make premye gòl match nan 1e minit match la, jwè madrilèn yo paka konprann paske y ap jwe lakay yo devan piblik yo pou yo ankese on gòl byen bonè konsa sitou nan on match enpòtan eben onz apre yo t a pral jwenn egalizasyon an swa nan douzyèm minit swit avèk on Camavinga resevwa sou bò dwat yo a epi l fè yon ti avanse pou chèche bon pozisyon an epi l mete on gwo frap kite kontre nan kò Ruben Diaz ki pa t pran trajektwa gadyen City a t a prale a epi l rive bati sou frap la depi lè a se 1-1, apre egalizasyon sa nou vin wè on lòt ekip Real, piblik yo ap fè bri, jwè yo motive, antrenè a ap konsiy, eben kèlke minit apre egalizasyon yo t a pral rive mennen 2-1 nan match la gras avèk Rodrygo Goes ki te resevwa on pas sou kote goch la pa Vinicius Junior epi l te nan mitan de jwè City li fè ti kwochè a epi l mete balon an anba janm Ortega e se te gòl, Real Madrid 2-1 sou City e se sou eskò sa mitan an t a pral fini malgre dominasyon klèb anglè a antè m de posesyon balon an men yo te wè nan eskò a se ekip an fas la kite devan.
Nan dezyèm mitan an, Manchester City vini avèk on lòt detèminasyon, yo toujou gen posesyon balon an men yo monte wo sou Real Madrid malgre w kapab di si ekip blanch lan te pi serye yo te sipoze bay City omwen kat gòl nan premyè mitan an men se yo pa t rive konkretize aksyon yo, Vinicius, Rodrygo, Valverde ak Bellingham tout gaspiye premyè mitan an pou Real Madrid, nan 66èm minit City t a pral egalize avèk Phil Foden apre on pas li fin resevwa bò kote dwat la nan men John Stones epi l mete on bèl frap deyò kare ki kite Lunin san reyaksyon e apre sa on santi ekip blanch lan vin pè match la, anpil vye pas, Vini p ap jwe byen, Bellingham koz katon l pa vle pran li oblije kalme jwèt pou l ta jwe a men yo t a pral ankese on twazyèm gòl nan Gvardiol kite make apre on pas de Grealish epi l mete on frap anwole ki wè gadyen an pa t kapab fè anyen, City mennen nan 71èm minit li te oblije pouse Ancelotti al fè de chanjman, Rodrygo soti pou Brahim Diaz epi Kroos soti pou Luka Modrić rantre se te yon chanjman kite pote manje nan kay la sitou rantre Modrić kite wè l te vin fè sa l konn abitye fè anvan yo, mete jwèt pi devan kan City a, fè ti pas danje yo, kenbe balon an pou fè City ap kouri dèyè l eben se konsa yo t a pral egalize nan 79èm minit de je avèk on balon Modrić resevwa nan mitan an li avanse avèk boul la epi l remèt Vinicius Junior li ki santre pou Valverde ki fè yon repriz de vole pye dwat ki kite Ortega san reyaksyon e depi lè a se te 3-3 ant de ekip yo, e apre gòl sa t a pral gen chanjman bò kote de kotch yo, Ancelotti fè soti Vinicius Junior pou fè rantre Joselu e Pep Guardiola limenm te fè soti Foden ki limenm te touche nan match la pou fè rantre Julian Alvarez e malgre chanjman sa yo eskò match la pa t chanje kote l fini 3-3.
Apre rankont sa, Manchester City pran on bèl opsyon pou kalifikasyon kote l rive fè nil lakay Real Madrid e konnen nan match retou a k ap fè nan 8 jou se pral lakay li, devan piblik li yo y ap kapab jwenn ase resous pou elimine klèb blanch lan men ki kapab pa fasil paske Real Madrid rete Real Madrid malgre ekip City a nan ansanm pi fò pase yo.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
