Jounen dimanch 7 avril la, nèg ak gwo manch long antre nan Premyè Legliz Batis nan ri lareyinyon ki nan Pòtoprens. Daprè josué Matthieu kise Pastè #1 ki nan tèt legliz la, li fè konnen bandi yo pote ale tout ekipman.
Daprè Pastora legliz la, ti mesye ame yo ale ak ekipman sonorizasyon, vantilatè, materyèl, pwojeksyon, enfòmatik, mizik ak elektwonik. Pastora te kontinye pou di se pa kounya atak sa yo kòmanse li esplike se depi 24 mas ki sot pase la, rive jiska semèn pase a.
Selon done yo, manm legliz Premyè Batis Pòtoprens yo ka ale nan yon legliz ki pi pwòch men yo papka itilize legliz la pou kounya aprè nèg a zam fin pran tout materyèl kite gen ladanl yo.
Nap raplew mouvman dechèpiye sa komanse depi nan mwa mas la, kote nèg a zam yo pa sispann boule epi piye tout sa yo jwenn sou wout yo dayè yo boule famasi, yo boule boutik, bòlèt, lekòl, legliz. Pa gen okenn kouch nan sosyete a ki epanye ak atak ti mesye manch long yo.
Rezo9 Aktyalite Politik