Thibaut fèt yon 11 Me 1992 nan peyi Bèljik a Brée on vi l flamand ki sitiye l nan pwovens de Limbourg nan moman sa mesye a gen 31 lane sou tèt li, Papa mesye a rele Thierry Courtois e manman l rele Gitte Lambrechts, tou 2 paran li yo te plis pratike Volley-ball, men pitit yo te plis renmen foutbòl. Ak 8 lane mesye a te ale f on esè e rejwenn ekip jèn bèlj sa n ap pale de KRC Genk.
Courtois te renmen evolye kòm pòs aryè goch epi l ta pral dekouvri amou li pou gadyen sete yon lè li t a pral jwe yon tounwa nan on ekip mwen de 9 lane e se li kite gadyen ekip li nan tounwa sa, men li ta pral vini kòm yon jwè dechan se lè l te gen 12 lane e diran tout aprantisaj li kote l te vin ankouraje antrenè a pou l te chanje gadyen paske l te wè l te gen nivo men nan moman sa tou li t ap goumen ak yon konkiran li kise Koen Casteels ki t ap jwe lèsa nan KRC Genk ki malerezman pa t seleksyone nan ekip nasyonal la kite menm desi paske l pa prezan👇
Mesye a n ap raple li fè 2 lane nan klèb KRC Genk lan sòti 2009 rive 2011. 17 avril 2009 lèsa l te genyen 16 lane li t a pral dispite premye match li antanke pwofesyonèl nan yon rankont ki t ap fèt nan chanpyona Bèljik la fas ekip La Gantoise lan. Li te titilè nan match la kite fini sou yon eskò nil 2-2. Nan sezon 2010-2011 antrenè li an n ap pale de Franky Vercauteren rele l swit avèk blesi e sispansyon kite sibi pa lòt gadyen an kise Koen Casteels. Yo mete Courtois kòmanse match la kote l te vin ekstrawòdinè e Genk te vin chanpyon Bèljik e mesye a te pou bokou nan sak sa paske l te reyisi fè yon trè bon match kont Standard kite youn nan favori pou tit chanpyon an e Courtois dayè te resevwa tit kòm meyè gadyen kote l te jwe 40 match li pran 32 gòl e li te fè 14 match kote l t ap gade kan li vid epi l te resevwa yon pri kòm meyè jwè pou ane a pou klèb li KRC Genk👇
Yon 11 jiyè 2011 Chelsea ansanm avèk KRC Genk te vin twouve on akò kite evalye ak 9 milyon ewo pou te fin konkli transfè l e avèk yon prè imedya pou yon lane nan Atletico Madrid. Courtois te vin sou kontra ak Chelsea pou jiska Jen 2019 aprè li te fin pwolonje kontra li pou 5 sezon siplemantè avèk klèb sa sete on jedi 11 Septanm 2014...
Prè nan Atletico Madrid (2011-2014)
2011-2012👉 Viktwa nan Ewopalig
Li te enpoze l kòm yon titilè endiskitab nan klèb ATM lan e li te fè debi li yon 25 Dawou 2011 nan yon viktwa 4-0 nan Ewopalig fas ak Vitória Guimarães. Twa jou aprè li gade kan li san oken gòl ankese pou premye match li nan Liga a fas Osasuna nan estad Vicente-Calderón nan.
Malerezman 26 Novanm 2011, Courtois ta pral resevwa premye katon wouj li nan karyè pwofesyonèl li kont Réal Madrid aprè l te fin akwoche Karim Benzema nan dèbi a.
Aprè anpil moun vin wè bèl prestasyon l, kèk espesyalis gentan wè nan jèn gadyen bèlj sa kòm youn nan pi gran gadyen k ap gen pou vini. Nan premye sezon li ak ATM li chanpyon nan Ewopalig kote l te titilè 14 fwa e li pran sèlman 9 gòl, li patisipe nan viktwa yo kont Athletic Bilbao nan final la 3-0.
2012-2013👉 Meyè gadyen Liga a, chanpyon Koup Espay👏👏👏
4 jiyè 2012 klèb anglè a anonse ke l prete Courtois pou on lòt sezon ak ATM. Nan lane 2012-2013 sa li demare l ak on sipè koup Ewòp kite mete yo fas Chelsea. Atletico te kraze Chelsea 4-1 e notamman yon triple de Falcao epi 17 Me 2013 li t a pral ranpòte koup Espay la fas Réal Madrid 2-1 kote yo te wè lòt klèb madrilèn lan t ap mennen sou yo 1-0 gòl ke CR7 te fè aprè on kònè de Mesut Özil epi genyen Diego Costa ki ta pral egalize epi nan pwolongasyon Diego Miranda ta pral fè 2èm gòl la pou yo e bayo tit chanpyon an men lèsa Thibaut te bon anpil nan rankont lan fè plizyè arè e notamman fas Mezut Özil, li tèmine sezon 2012-2013 la avèk 29 match kote l pa pran gòl, swa yon meyè total ewopeyen ak egalite avèk Manuel Neuer ke li devanse sepandan nan rasyo match san ankese pa match ke l dispite, li kontinye ap ranmase tit malgre laj li👏👏👏
Li te gen yon mwayèn san ankese on gòl 0,52 pa rankont, egalman meyè mwayèn nan chanpyona ewopeyen. Anfen li fini 2èm nan klasman envensibilite a avèk 891 minit san l pa pran gòl dèyè Salvatore Sirigu ki t ap jwe nan PSG👇
2013-2014👉 Chanpyon Espay e finalis nan LDC😫
Nan ete 2013 la Chelsea te deside renouvle yon lòt fwa ankò prè gadyen li an ki dispite donk yon twazyèm sezon avèk klèb Colchoneros la. Kèk medya anonse ke Barcelone ap suiv jèn gadyen sa. Aprè fen mèkato Janvye 2014 la, Courtois ansanm ak papa l kise ajan li koumanse ap diskite avèk Chelsea. 17 Me 2014 li ranpòte avèk ATM chanpyona Espay la e pou yon 2èm fwa li ranpòte twofe Zamora ki siyifi meyè gadyen chanpyona Espay la👉24 gòl ankese nan 37 match dispite swa yon mwayèn de 0,66 gòl pa match. ATM reyalize on bèl prestasyon eksepsyonèl nan LDC kote yon te menm fè final ki malerezman yo ta pral pèdi l 4-1 fas Réal Madrid, Diego Godin te ouvri eskò a pou yo men nan tan adisyonèl genyen Sergio Ramos ki t a pral egalize men nan pwolongasyon genyen Gareth Bale, Marcelo ak Cristiano Ronaldo ki t a pral fini ak yo nèt men sete yon bèl pakou pou yo👏👏👏
Li retounen nan Chelsea sou lòd José Mourinho kote l pase 4 lane ladan l, n ap raple ke premye sezon l li chanpyon premye league la men se 2 fwa ke l pran l 2015 ak 2017, Coupe de la Ligue Anglaise 2015, FA Cup 2018👏👏👏👇
9 Dawou 2018 aprè l te fin pase 4 lane ap pote koulè Chelsea, Thibaut Courtois siyen nan Réal Madrid pou 6 lane sete yon transfè kite koute 40 milyon ewo e lite pran nimewo 25 lan nan klèb merengue a. 22 Desanm 2018 li chanpyon koup dimonn klèb Fifa 2018 la kite òganize nan Emirates arabes unis. Pou premye sezon l nan Real te vrèman konplike li pran 27 gòl nan 21 premye match, sete pi move total li depi sezon 2011-2012.
Sezon 2019-2020 te lwen pou l te fasil pou li paske nan pre sezon an mesye a te pran 14 gòl nan 4 match e 7 kont ATM...👇
Nan kòmansman sezon sa li ankese 9 gòl nan 5 match, prestasyon l kont PSG te kritik anpil pa plizyè jounal. 1e Oktòb 2019 Courtois fè yon vye prestasyon kont Club Bruges la kote l te pran 2 gòl ke l te kapab evite pran li te menm ranplase pandan mitan match sa pa Alphonse Areola. Epi aprè kèk lòt match li pa t bon li te vin pran konfyans e li ta pral fè bèl prestasyon kote l te menm arive bat rekò Keylor Navas la kite fè 4 match konsekitif pa t pran gòl. 15 Desanm kont Valence li te monte sou yon kònè li te manke egalize avèk yon kout tèt men ki pa t gòl e kite rann li pasè pou KB9 kite egalize. Nan klasiko 18 Desanm lan kite fèt nan Camp Nou an li pa t pran gòl sete 2-0 Real te bat Barça👇
Janvye 2020 li te al jwe match sipè koup Espay la ak Real Madrid kote l te pran mezi on gòl sou penal fas valence epi l ta pral chanpyon nan tiwobi fas ATM e li te menm estope pa Thomas Partey la, mesye a te tèlman ap jwe byen li te menm fini pi bon jwè mwa janvye a nan Liga a e li te menm vini gadyen etranje ki gade kan li san oken gòl ankese nan yon dèbi epi klasiko. Epi nan repriz chanpyona a li reyalize anpil bèl pèfòmans li pran sèlman 4 gòl nan 10 match e li gade kan li pandan 500 minit (plis ke 5 match). Li reyalize 18 match san pran gòl nan 34 match nan chanpyona a e li pran 20 gòl sèlman e chanpyon Liga a👏👏👏
Sezon 2020-2021 yo te sinome l miray tèlman l te bon, plizyè match li sove klèb li e malgre sa yo te fè sezon blanch kanmèm, demi finalis LDC, 2èm nan liga a.
Sezon 2021-2022 li kòmanse l ase byen paske ekip li ap byen pase la wi😄😄 e l fini nan plizyè match kòm pi bon jwè match👇
Pou Belgique👇
Premye konvoke li sete an Oktòb 2011 e li te tou fè debi li nan yon match amikal 0-0 kont France nan Stade de France e se sa k fè de limenm pi jèn gadyen ki jwe nan ekip nasyonal Bèlj la👇
CDM 2014👉🏻Courtois jwe tout match kalifikasyon pou koup dimonn 2014 la pou ekip Bèljik la e dènyè fwa li te kalifye pou gran tounwa sa sete nan lane 2002 nan eliminatwa sa lite gade kan li pandan 6 match san li pa pran on gòl sou 10 match li te jwe👇🏻
13 Me 2014 genyen seleksyonè bèlj la n ap pale Marc Wilmots ki rele Courtois pou li te ale patisipe nan CDM 2014 la nan lakou Brezil. Pandan tounwa sa li jwe 5 match avèk bèljik, lite koumanse pa yon viktwa sou ekip Algérie 2-1 a Belo Horizonte e apre l ta pral pèdi nan kadefinal kont Argentine 1-0 on gòl ke Gonzalo Higuain te make👏🏻
Nan lane 2016 Courtois jwe tout match kalifikasyon pou Ewo a pou Bèljik kite pèmèt yo kalifye pou premyè fwa depi 16 lane. Poutan l rate 2 dènyè match yo pou bèljik koz li te blese. Pandan tounwa sa yo te rive fè kadefinal kote se Pays de Galles kite mete yo deyò.
CDM 2018👉🏻 Pandan eliminatwa sa Courtois jwe tout nèt. Pandan 3èm match nan koup dimonn sa fas Angleterre majorite jwè bèljik yo te rete o repo paske yo gentan gen 6 pwen e yo gentan konnen pa gen anyen kita pase p ap kapab fè yo pa kalifye e n ap raple sete Courtois kite vin pase kapitèn seleksyon e kite vini 88èm jwè ki kapitèn Diables Rouges yo, ekip la rive bat Angleterre 1-0 yon gòl ke Adnan Januzaj...
Courtois te distenge li pa kèk arè pandan kadefinal la kont Brezil kote te bon anpil sitou fas Neymar, Coutinho, Renato Augusto pou n site sa yo sèlman kite pèmèt yo pase pou yale jwe demifinal yo te pèdi kont France 1-0 yon gòl ke Umtiti te make e aprè match la mesye te deklare 💬:"Pito nou te tou elimine kont Brezil olye n te vin pèdi yon match kont yon ekip ki pa t merite, nan estil de je, nan kont yo pa t bon pase nou e Brezil te jwe pi byen ke yo kont nou." Yo ta pral jwe yon ti final kont Angleterre e fè yo 2èm match pandan konpetisyon an ke yo jwe ansanm men yon lòt viktwa pou yo e fini 3èm nan konpetisyon an sete meyè mwayèn yo nan CDM e dènyè fwa yo te rive jis la sete nan lane 1986 kote yo te 4è...👏🏻👏🏻👏🏻👏🏻
Pou tout bèl pèfòmans li nan mondyal sa lite arive ranpòte tit meyè gadyen CDM 2014 misyon akonpli👏🏻👏🏻👏🏻👏🏻
Thibaut Courtois gen yon relasyon depi plizyè ane ak yon espanyòl ki rele Marta Domìnguez. Yo te separe an Septanm 2016. Nan relasyon avèk Marta a yo te arive fè 2 timoun, yon fi ki rele Adriana ki fèt 26 Me 2015 epi yon pitit gason ki rele Nicolás ki fèt yon 2 Me 2017. Thibaut Courtois pale Néerlandais se lang matènel li, fransè se lang papa l, epi Anglè ak espanyòl...👏🏻👏🏻👏🏻👏🏻
Lamarre Jameson✍🏻
