Athletic Bilbao genyen koup Espay la nan tiwobi

0


 Athletic Bilbao genyen koup Espay la nan tiwobi


Seton 2023-2024 la se t a pral 121èm edisyon Koup Espay la kite wè Athletic Bilbao te gen randevou avèk Majorque pou final edisyon sa, men dezyèm klèb ki plis titre a genyen konpetisyon sa nan tiwobi apre 120 minit boul.

Se te yon final ki pa t fasil pou tou de ekip yo, ekip Bilbao ki limenm konn konpetisyon sa plis pase Majorque men se yo k ta pral ankese gòl anvan nan 21èm minit avèk D. Rodriguez e se konsa tou mitan match la te fini.

Nan dezyèm mitan an, Bilbao te nan obligasyon pou l chèche egalizasyon an pou rantre nan match la men yon bagay ki pa t pran tan paske nan 50èm minit O. Sancet te mete match la 1-1, malgre te gen chanjman bò kote de ekip yo men eskò match la pa t chanje apre 90 minit lan e yo te oblije 30 minit ankò pou wè kijan de ekip yo teka depataje yo men eskò a te rete la e voye n ale nan tiwobi ki wè se Athletic Bilbao ki gen rezon sou Majorque (4-2).

R. Garcia, I. Muniain, M. Vesga ak Á. Berenguer se te yo k te tire tiwobi pou Bilbao✅️

V. Muriqi, M. Morlanes❌️, N. Radonjić❌️ ak A. Sánchez ki te tire tiwobi pou Majorque✅️

Apre yo fin ranpòte edisyon Koup Espay sa, Athletic Bilbao pase kounye a avèk 24 tit nan konpetisyon sa dèyè Barcelone ki limenm genyen 31 tit.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire