Entènasyonal Alman an ki fòme nan Bayern Munich men ki t a pral prete avèk Bayer Leverkusen pou yon lane (2009-2010) e retounen nan Bayern.
Toni Kroos te rive al jwe Koup dimonn 2014 la kite fèt nan peyi Brezil avèk seleksyon Almand lan e wè li te chanpyon avèk yo e apre CDM nan li te nan on gwo difikilte nan klèb Bayern Munich lan. Prezidan klèb la kise Karl-Heinz Rummenigge pa t vle ogmante lajan ke Kroos te vle a e di konsa se pou l kite klèb la men nan epòk sa klèb la te ofri Barcelone jwè foutbòl la men dirijan katalàn yo te di "Jwè sa pa gen nivo pou l jwe nan ekip sa" e nan menm moman sa yo te prefere achte Ivan Rakitić nan men Séville.
Karl-Heinz Rummenigge te wè tout lide l se sou Mario Götze li te ye paske misye te apenn fin genyen mondyal la e li te sèl bitè final la e li te jwe on bèl sezon avèk Borussia Dortmund e sa ki fè klèb Munich lan te vle genyen l.
Bayern Munich rive achte Mario Götze e plis pouse mete deyò Toni Kroos men Perez ki limenm se prezidan Real Madrid te dakò pou l pran Kroos epi l ap aksepte bali valè lajan li mande l la, fanatik Real pa t aplodi sa paske se nan James Rodriguez yo te ye ki limenm te sot fè on gwo mondyal ak peyi l e fini meyè bitè konpetisyon an.
James Rodriguez te rive prezante nan estad Santiago Bernabeu a devan plis pase 45 000 moun men prezantasyon Kroos la te fèt devan sèlman 8000 moun sa ki montre klè ke fàn yo pa t vle jwè Alman an.
Apre 9 an avèk kèlke mwa, Toni Kroos vini youn nan lejann Real Madrid yo, youn nan lejann nan tout istwa foutbòl la kò m milye teren, Kroos vini chouchou Santiago Bernabeu a🔥🔥🔥
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️