Jounen vendredi 5 avril la, yon tranblemandetè 4,7 pase nan peyi Etazini tou prè vil New York. Selon USGS ki se Enstiti Jeofizik Ameriken, goudougoudou sa te pase nan plizyè zòn men se pandan kèk segonn sèlman.
Daprè USGS, tranblemandetè sa te gen 15 km nan pwofondèl men otorite lokal yo fè konnen tranblemandetè a pa fè dega dayè pa gen okenn moun ki pèdi lavi yo anplis de sa pa gen okenn moun ki blese men yap kontinye evalye sitiyasyon an.
Done yo moutre li te pase maten an, aprè 10zè 20 yo konsa. Daprè United States Geological Survey (USGS), episant tranblemann tè a twouvel nan zòn Lebanon, New Jersey, nan lwès Manhattan. Abitan ki nan Philadelphie rive jis Boston, te santi tè a tranble tou.
Ou menm ki gen moun nan zòn sa yo eseye kontakte yo malgre yo poko jwenn moun ki viktim men gen anpil moun kite sou chòk jis aprè tranblemandetè a te fin pase.
Rezo9 Aktyalite Politik