PNH la arete Jean Pierre Anthony, alyas "Palaki" kise dezyèm chèf gang Team H la, nan yon entèvansyon lapolis tap mennen nan Mòn Oje ki se yon lokalite ki nan komin Jakmèl.
Selon sa lapolis la rapòtè nou, Jean Pierre Anthony ap bay pwoblèm depi kèk nan rejyon Mòn Oje dayè mesye sa gen anpil akizasyon yo mete sou dol tankou dosye asasina, gen dosye vyòl san nou pa bliye li fè pati yon asosyasyon malfektè kap mete twoublay nan sosyete a.
Se youn nan rezon kifè PNH la te anonse yap chache Palaki lontan men yo pat janm gen posibilite pou yo pranl. Ebyen ayè madi a polisye yo arive aretel. Pou kounya li nan gadavi kote li pral gen poul reponn kesyon lajistis aprè tout zak li poze nan sosyete a.
Nap raplew, Jean Pierre Anthony se li menm kite dezyèm chèf gang Team H la men premye chèf la se Herby Guerrier kap opere nan Mòn Oje depi kèk tan mesye sa yo pa sispann mete gwo kè sere nan mitan popilasyon an ebyen lapolis met la pat sou youn nan yo.
Rezo9 Aktyalite Politik
