Liverpool li te jiskaske l genyen dènye minit gras avèk Darwin Nunez

0


 Liverpool li te jiskaske l genyen dènye minit gras avèk Darwin Nunez


Jurgen Klopp manke mete tèt li nan cho fas Nottingham Forest jodi samdi 2 mas la nan kad 27èm joune Premier League la.


Nan yon match gason, Liverpool ki limenm nan kous sere ak Manchester City epi Arsenal manke kite pèdi de pwen enpòtan.


Gras avèk ansyen atakan Benfica a, Reds yo rive fè viktwa enpòtan sa 1-0 an deplasman jis nan dènye minit rankont la aprè 9 minit adisyonèl ke abit la te bay aprè 90 minit tan reglemantè yo te fini. Gòl sila make gras avèk pas desiziv de Mac Allister epi Nunez mete on kout tèt ki kite gadyen ekip an fas la san reyaksyon.


Apre kout viktwa enpòtan sa Liverpool toujou ret nimewo 1 nan tèt klasman an avèk 4 pwen devan ekip City ki limenm g on match anreta l ap gen pou jwe demen kont Manchester United, posiblite pou eka a pase ak yon grenn pwen si toutfwa ekip Guardiola a ta bat dèbi a.



Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire