Nan kad 27èm joune Liga a, Real Madrid te an deplasman nan Mestalla a pou jwe kont Fc Valence pou wè si l teka pran on pi bon avantaj sou ekip ki vin apre l nan klasman an men se pa sa kite rive paske rankont lan fini (2-2).
Yon rankont ki te dewoule sou yon fòm fizik paske youn nan ekip yo pa t vle kite lòt rive pre kan yo a, men Real Madrid bò kote pa l te rive febli nan 27èm minit kote yo t a pral ankese yon gòl sou on aksyon w pa t panse teka gen gòl vre, se yon chout de Fran Perez ki pa t ditou bon men ki te tou sèvi pas desiziv pou Hugo Duro (1-0) e nan lèsa Real Madrid pa t ko fè yon chout kadre, men Valence pa t pran tan pou l te make gòl (2-0) a nan 30èm minit sou yon kado de Carvajal ki sèvi atakan Valence lan ki se Roman Yaremchuk e ki limenm drible Lunin e mete ekip li ak 2 gòl devan e lèsa pa t gen moun ki te wè kote klèb madrilèn nan t a pral make menm yon gòl paske jiska dat yo pa t rive kadre menm yon chout nan kan an e se te jis nan 45+3 yo t a pral finalman redui eskò a gras avèk Vinicius Junior apre yon sant de Dani Carvajal e mete match la ak (2-1) e fini premye mitan an sou eskò sila.
Nan dezyèm mitan match la ou teka di tèt ou èske Valence pral kapab kenbe ekip Real Madrid sa ki limenm jwenn konfyans apre grenn gòl depi nan premye mitan an de Vinicius Junior a men yo te reziste e kenbe pandan on pakèt tan e sete nan 76èm minit yo t a pral ankese dezyèm gòl la gras avèk Vini suit apre on sant de Brahim Diaz ki limenm te rantre nan rankont lan nan plas Rodrygo Goes nan 63èm minit match foutbòl la. Anpil gwo aksyon te pase apre egalizasyon an men pa t janm gen veritableman gòl sou aksyon yo pou jis nan 98èm minit ekip Real Madrid la t a pral fè yon gòl pa Jude Bellingham men abit la kise Gil Manzano t a pral di ke li te sifle match la fini depi lè ke Brahim Diaz te resevwa balon an e koz desizyon sa te g on pakèt pale anpil, Jude Bellingham pran katon wouj, Rüdiger pran katon jòn paske yo t ap konteste kont desizyon sa abit la te pran an ki wè match la fini (2-2).
Apre match sa ekip Real Madrid toujou rete trankil nan premye plas klasman an avèk 66 pwen swa 7 pwen an plis Girona ki limenm g on match an reta ke l ap jwe jodi dimanch lan fas Majorque ki g on posibilite redui eka a e mete l ak 4 pwen si toutfwa yo t a bat match pa yo a.
Lamarre Jameson ✍🏿