Aprè nou konnen plizyè bandi ame te komèt plizyè zak vyolans nan rejyon metwopolitè nan jou, se jis 24 èdtan aprè gouvènman an finalman resi sonje viktim lapolis yo.
Jan nou ka remake sa sou rezo yo, kòman plizyè manm nan lapolis la te pèdi lavi yo trajikman nan egzèse devwa yo, san yo pa bliye anpil sivil kontinye ap viktim chak jou. Nan ka sa, Gouvènman an kondane tout zak sa yo epi yo denonse piyaj ak zak bandi sa yo fè sou enstitisyon piblik ak biznis prive yo.
Gouvènman an adrese kondoleyans emosyonèl li bay fanmi viktim yo, sitou polisye yo, ansanm ak tout manm nan popilasyon sivil la, pandan yap eksprime solidarite enkondisyonèl yo bay chak moun ki sibi vyolans bandi yo.
Yo ajoute pou yo di, yap kontinye travay pou jwenn yon solisyon san pèdi tan pou krim ak ensekirite sa kap grandi chak jou nan peyi a.
Nap raplew, sa gen plizyè ane depi sivil ak polisye ap moute yon mòn pa do anba men endividi san fwa ni lwa men jouk jounen jodi a mouche leta pa janm poze okenn aksyon pou pote yon solisyon ak ensekirite a ki kontinye ap vale teren.
Rezo9 Aktyalite Politik