Jean Ricner Bellegarde te fè yon long entèvyou avèk jounalis Chemssdine
Belgacem sou kòman l te fè rejwenn seleksyon nasyonal la epi kijan l santi l aprè kalifikasyon Ayiti pou Koupdimonn 2026 la
CB: Poukisa w potko jwe pou seleksyon Ayisyèn nan?
Jeanricner Bellegarde: " Avan sa m te plis panche sou klèb paske sa potko nan lide m, men aprè yon ti tan m te di tèt mwen "Poukisa non", epi m chwazi Ayiti.
CB: Kisa k te plis pouse w chwazi Ayiti?
JB: M te resevwa anpil mesaj bò kote jwè yo, epi m santi yon bagay e m di konsa se moman pou m rejwenn seleksyon nasyonal la, mwen pale nan telefòn avèk seleksyonè a, e li konvenk mwen tou. Pandan m te fin dakò rejwenn seleksyon an, aprèsa m al gade kèk match yo jwe e mwen di se moman ideyal pou n kalifye peyi a paske li vin yon ti jan bon pou nou paske Mexique ak Canada pa prezan.
CB: Kijan w twouve anbyans lan bò kote Ayisyen ak Ayisyèn yo ki toujou ap sipòte w?
JB: Pèp Ayisyen se yon pèp enkwayab, yo ban m yon lanmou s on bagay m pa t janm imajine. Yo vote pou mwen kòm pi bon jwè mwa pou klèb mwen, m jwenn plis pase 20 000 vòt epi nenpòt sa m poste sou rezo a se toujou bèl kòmantè m jwenn e menm anba pòs klèb mwen Wolverhampton. Se yon pèp beni.
CB: Ou pa gen ankenn regrè dèske w rejwenn seleksyon Ayisyèn nan?
JB: M pa regrèt ditou dèske m rejwenn seleksyon an paske anndan an ou jwenn tout lanmou w te sipoze jwenn, jwè yo, seleksyonè ak tout rès estaf la se yon bagay ekstrawòdinè.
CB: Kisa w espere fè ak seleksyon nasyonal la pou Koupdimonn lan?
JB: Nou pral nan Koupdimonn lan pou n fè yon bèl figi e pou non seleksyon sa rete nan istwa kòm seleksyon ki rive fè gwo koze nan zafè mondyal", se kèk pawòl nan entèvyou Bellegarde te bay Foot Mercato.
Rezo9 Sport !
