LDC: Real Madrid mete lis jwè li deyò pou afwonte Manchester City avèk prezans Kylian Mbappé

0

 LDC: Real Madrid mete lis jwè li deyò pou afwonte Manchester City avèk prezans Kylian Mbappé 





Nan kad dezyèm pati 6e jounen Lig Chanpyon an, Real Madrid ap resevwa jodi a ekip Manchester City a kote yo finalman ap genyen prezans Kylian Mbappé ki nan lis la nan dènye minit.


Xabi Alonso mete yon lis 22 jwè deyò pou match foutbòl sa, plizyè jounal te gentan di Edouardo Camavinga, Dean Huijsen, Eder Militão, Alexander-Arnold ak Ferland Mendy fòfè pou rankont sa, men gwo dout la se te sou Kylian Mbappé èske l ap la oubyen l ap fòfè paske li te gen yon ti jèn nan pye l, men finalman li konvoke pou Real Madrid.



Lis jwè konvoke yo an detay :


Gadyen : Courtois, Lunin, Fran González


Defansè : Asencio, Carreras, Fran Garcia, Rüdiger, Joan Martínez, Valdepeñas


Mitan tèren : Bellingham, Valverde, Tchouaméni, Arda Güler, Ceballos, Cestero


Atakan : Vinicius, Endrick, Mbappé, Rodrygo, Gonzalo, Brahim, Mastantuono


Jwè ki fòfè :

Blesi : Carvajal, Militao, Trent, Mendy, Huijsen, Alaba ak Camavinga.


Randevou pou jodi mèkredi a nan lè 3è aprèmidi.


Rezo9 Sport !

Aucun commentaire