Vinicius jr mande padon!

0

Vinicius Junior eskize l pou reyaksyon l pandan klasiko kont FC Barcelone 



Pandan klasiko dimanch lan, Xabi Alonso te chwazi retire Vinicius nan 71e minit match la, men jwè foutbòl la pa t kontan desizyon an e li te tou pran wout vestyè a, ebyen li deside mande padon ak prezidan klèb la, jwè yo ak fanatik yo san li pa mansyone non antrenè klèb la.


« Jodi a, mwen vle prezante n eskiz mwen ak tout fanatik madrilèn yo pou reyaksyon m pandan sòti m nan klasiko a.


Menm jan m te fè sa an pèsonn pandan seyans antrènman jodi a, mwen vle prezante eskiz mwen ankò bay koyekipye m yo, klèb la, ak prezidan an.


Pafwa, pasyon an konn depase paske m toujou vle genyen epi ede ekip mwen. Karaktè konpetitif mwen an sòti nan lanmou m santi pou klèb sa a ak pou tout sa li reprezante.


M pwomèt m ap kontinye batay chak segonn pou byen Real Madrid, menm jan m te fè l depi premye jou a. »



Rezo9 Sport !

Aucun commentaire