Gwo dife eklate nan Barcelone

0

 G on tòchon k ap boule nan FC Barcelone sa gen kèk semèn, ebyen kisa li ye?




Pandan Hansi Flick rejwenn ekip  Barcelone nan, li te pase yon lòd ak tout jwè yo kote l di depi w rive an reta nan antrènman ou otomatikman ap sanksyone epi pran ban nòmalman (si toutfwa w se yon titilè endiskitab nan klèb la).


Raphinha, Jules Koundé ak Marcus Rashford, te gen yon moman yo te rive nan antrènman twò ta, Hansi Flick te sanksyone yo epi fè yon kòmanse pwochen match la sou ban, e li te tou montre li pa nan jwèt nan kesyon prensip.


Selon yon jounalis El Chiringuito, Marçal Lorente, li fè konnen gen evènman ki te pase kote, Lamine Yamal, te rive nan antrènman an reta, ebyen Hansi Flick limenm te di konsa li p ap kòmanse ak jwè a kont PSG, Joan Laporta fè gwo diskisyon ak antrenè a e di l konsa Yamal pa ka pa kòmanse match la. Kidonk, nan match kont PSG a, Lamine Yamal te kòmanse nòmalman.


Selon menm jounalis sa, li fè konnen, Hansi Flick ta di depi lè l rive nan klèb sa gen anpil ego ladan n e sitou pou espanyòl yo, nan sans sa gen yon mezantant jiskaprezan ant Flick avèk Joan Laporta !


Dosye n ap suiv !



Rezo9 Sport !

Aucun commentaire