Kiyès ki Wilson Isidor?

0

Kiyès ki Wilson Isidor?



Wilson Isidor se yon jèn atakan k ap jwe nan ekip Sunderland lan nan peyi Angletè.


Isidor fèt yon 27 Out 2000 nan peyi Lafrans, vil Rennes. Men, li gen rasin Ayisyen ak Malgach.

Pi bon pye l nan foutbòl se dwat.


Nan kòmansman li nan jwèt la, li te kòmanse SC Le Rheu sòti 2007 pou rive 2009. Aprè sa, li pral entegre ekip Stade Rennais a sòti 2009 pou rive jiska 2018 kote l pase 9 lane, e se la tou li ta pral devlope kapasite l kòm jèn atakan.


Nan karyè pwofesyonèl li ak pasaj li nan klèb :


Li te siyen premye kontra pwofesyonèl li nan Monaco an 2018, e malgre kontra sa ak klèb la, li pa t rive jwenn chans jwe anpil nan ekip premye Monaco a jiskaske li ta pral prete nan Stade Lavallois sòti 2019 pou rive 2020.

Prè a ta pral kontinye e fwa sa li ta prale nan Bastia Borgo sòti 2020 pou rive 2021, e nan klèb sa li te briye kote l te fè plizyè grenn gòl.

Yon lòt prè ankò nan Lokomotiv Moscow nan lane 2022.

Pou sezon 2023-2024, Wilson Isidor ta pral prete nan Zénith Saint Petersbourg.

Epi, nan lane 2024 li te ale nan Sunderland AFC sou prè, epi siyen definitivman ak yo.


Wilson Isidor poko janm pote koulè gwo seleksyon Fransèz la, men li te reprezante pi piti yo.

France U17, U18, U19 ak U20.


Jiskaprezan, Wilson Isidor poko chwazi pouki peyi l ap jwe, ant Lafrans ak Ayiti.


Èske Wilson Isidor chanpyon nan karyè l deja? Wi, li chanpyon.


Li te chanpyon avèk Zénith Saint Petersbourg nan lane 2024, kote l te genyen chanpyon Ris lan (Russian Premier League).

Li chanpyon Koup Ris nan sezon 2023/2024 la.

Avèk ekip Sunderland lan, li te genyen plas nan EFL Championship Play-offs nan lane 2025, e li te ede klèb sa monte nan premye divizyon.


Pou koze endividyèl li :

Li te fini pi bon jwè mwa janvye 2021 nan National.

Li te fini revelasyon sezon 2020-2021 an nan National.

Li te prezan nan ekip tip sezon 2020-2021 an nan National.

Li te meyè bitè tounwa Montaigu a nan lane 2016.


PS: Yo pa bay ni non Manman, ni non Papa jwè a nan biyografi a, men yo revele se orijin Ayisyen ak Malgach yo.


Rezo9 Sport !

Aucun commentaire