Vinicius Junior kontinye ap pèdi plas lidè l nan Real Madrid

0

 Vinicius Junior kontinye ap pèdi plas lidè l nan Real Madrid




Jodi a, ekip Real Madrid t ap resevwa Espagnol Barcelone ke yo bat (2-0) gras avèk Eder Militão ak Kylian Mbappé, ebyen g on bagay ki pase nan match la ki deranje anpil fanatik.


Vinicius Junior ap pase yon move moman nan ekip Real Madrid la depi lè Xabi Alonso rive kòm nouvo antrenè klèb la. Nan match kont Espagnol Barcelone nan, li deside retire nimewo 7 nan 77e minit match la pou fè rantre Rodrygo Goes, nan ekspresyon vizaj Vini pandan l t ap sòti a te montre li te fache akòz chwa sa.


Sou lòd Xabi Alonso kòm antrenè Real Madrid, Vinicius Junior jwe 12 match e li sòti nan match 11 fwa deja, e li fè 90 minit nan yon sèl match.


Nan sèl grenn match li pa t sòti a se te kont Juventus Turin (1-0) nan Koup Dimonn klèb FIFA a.



Ki vrè pwoblèm Vinicius Junior menm?



Jameson Lamarre / Rezo9 SPORT

Aucun commentaire