Klasman FIFA: Ayiti pran twa (3) plas
Seleksyon nasyonal Ayisyèn nan te konnen yon peryòd difisil dènye tan sa yo, kote yo te fè yon vye Gold Cup ane pase, yo te kite konpetisyon an depi nan premye tou, ebyen sa te rann yo degrade nan klasman FIFA a.
Nan eliminatwa Koup Dimonn lan, Ayiti genyen 6 match pou l jwe e si toutfwa l ta fini nan tèt gwoup la, l ap tou jwenn kalifikasyon l, men li gentan jwe de match nan dènye jounen Fifa a e li konnen de (2) match nil. Li te fè (0-0) kont Honduras epi (3-3) kont Costa Rica men, notamman avèk yon triple pou Duckens Moïse Nazon. Jodi jedi 18 septanm nan, FIFA deside mete klasman l deyò aprè trèv la, Ayiti pran twa (3) plas.
Ayiti repran plas 87e nan klasman FIFA a pou yon katriyèm (4e) fwa nan 10zan, li te pran l an 2018, 2022 ak 2023, ebyen fwa sa li tounen pran l nan lane 2025 avèk yon total 1269 pwen.
Pwochen match Ayiti nan eliminatwa Koup Dimonn nan se pral pou 9 Oktòb kont Nicaragua nan lè 8è aprèmidi.
Jameson Lamarre / Rezo9 SPORT
