LDC: Trent Alexander-Arnold pral rate plizyè semèn deyò tèren pou Real Madrid
Pandan match yè a kite mete fas pou fas ekip Real Madrid la kont Olympique de Marseille, ebyen s on match ekip madrilèn nan genyen difisilman (2-1) gras avèk yon double sou pennalite de Kylian Mbappé. Nan match sa, ekip Real Madrid la te pèdi yon jwè depi nan 3e minit, Trent Alexander-Arnold te santi l pa t ka kontinye ankò e sa te lakòz li te kite tèren an e ranplase pa Dani Carvajal.
Jan sa te prevwa a, yo teste blesi Trent lan kote yo fè konnen entènasyonal Anglè a pral pase 6 ak 8 semèn deyò tèren, nan kominike ofisyèl Real Madrid mete deyò a fè konnen, Arnold gen posibilite pou l rate plizyè match chòk, tankou anfas FC Barcelone, Juventus Turin, Atletico Madrid ak Liverpool (ansyen klèb li).
Selon menm kominike a, ekip medikal Real Madrid la te dyagnostike yon blesi miskilè nan bisèps femoral pye gòch Trent, e sa vin parèt yon gwo kou pou klèb kapital peyi Espay la, aprè Camavinga, Ferland Mendy, Jude Bellingham ak Endrick, ebyen se tou pa Trent Alexander-Arnold ki pral pase plizyè semèn san jwe foutbòl.
Aprè l fin konnen valè tan l pral fè deyò tèren, Trent te di konsa sou IG " M ap tounen lèsa posib. Pi fò pase anvan. N ap wè byento, Madridistas."
Jameson Lamarre / Rezo9 SPORT
