Liga: Dean Huijsen finalman ap rate yon match nan Liga a
Pandan wikenn ki sot pase a, Real Madrid te genyen difisilman ekip Real Sociedad la (2-1), men nan rankont sa te gen yon aksyon ki te fèt kote abit santral match la te bay yon katon wouj avèk yon jwè madrilèn depi nan premye mitan an.
Dean Huijsen ki rive nan Real Madrid sezon sa kote l te sòti nan Bournemouth, ebyen se yon jwè ki parèt tou konfime nan klèb la paske l adapte l rapid nan ekip la. Pandan 4e jounen Liga a, jwè espanyòl la te rive sòti depi nan 32e minit match klèb li, Real Madrid t ap jwe kont Real Sociedad, abit santral match la, Gil Manzano te estime Huijsen se te dènye defansè sou aksyon Sociedad e san ezite li te bal yon katon wouj kite lakòz klèb Madrid la fin jwe rankont lan a 10 jwè.
Real Madrid te oblije ale an apèl pou katon wouj sa, ebyen komisyon teknik abit yo rekonèt Gil Manzano te twonpe sou aksyon an paske Huijsen pa t dènye defansè jan abit la te konstate l la, men pito Eder Militão, malgre sa yo pa retire katon wouj Dean Huijsen nan e finalman jwè foutbòl la ap rate match wikenn nan samdi kont Espanyol Barcelone nan Liga a.
Jameson Lamarre / Rezo9 SPORT
