Vinicius Junior pa satisfè pou valè tan l nan Real Madrid depi rive Alonso a

0

 Vinicius Junior pa satisfè pou valè tan l nan Real Madrid depi rive Alonso a




Vinicius Junior poste nan "story" IG li, foto moman l t ap rantre nan vestyè , kote l te kite rès ekip la t ap selebre sou tèren an viktwa yo kont Marseille ayè madi a nan kad premye jounen Lig Chanpyon an.


Nan "story" li poste sou IG nan, Vinicius Junior montre l pa kontan avèk sitiyasyon l nan klèb madrilèn nan depi rive Xabi Alonso kòm nouvo antrenè klèb la.


Li poste "Principios de um campeão" ki siyifi an kreyòl (Prensip yon chanpyon). Se yon tit kite parèt 3 jen 2025, ak vwa Chefin, Theuzz011 ak LB Único.



Jameson Lamarre / Rezo9 SPORT

Aucun commentaire