Real Madrid vle fè Nico Paz tounen sezon pwochèn

0

 Real Madrid vle fè Nico Paz tounen sezon pwochèn




Klèb madrilèn nan, Real Madrid, te vann Nico ak ekip Como a pandan mache transfè estival 2024 la, men nan acha sa te g on "deal" ki te fèt ladan n, kisa li ye? Real Madrid dènye tan sa yo toujou mize sou kèk jèn li genyen e sa ki plis enpòtan an depi l ap prete yo li toujou g on 50% dwa sou vant yo, ki vle di, si yon lòt klèb ta renmen achte jwè a fò k klèb madrilèn nan okouran epi bay fevè a, men si l pa dakò yo vann li se li k ap gen pou achte l.


N ap raple w, Dani Ceballos te vann nan Arsenal sa gen plizyè ane, men yo te gen 50% dwa sou vant lan, ebyen finalman jwè a te f on bon pakou nan Arsenal epi Real Madrid apresye pèfòmans li e fè l tounen lakay li.


Kidonk, Real Madrid kapab fè Nico Paz tounen lè l vle depi l sèlman aksepte peye kloz la, e anplis li gen dwa sou jwè a.



Jameson Lamarre ! Rezo9 SPORT !

Aucun commentaire