LDC : Real Madrid mete yon lis jwè deyò pou rantre yo nan Lig Chanpyon an avèk konvokasyon Jude Bellingham ak Camavinga

0

 LDC : Real Madrid mete yon lis jwè deyò pou rantre yo nan Lig Chanpyon an avèk konvokasyon Jude Bellingham ak Camavinga




Sezon 2025-2026 Lig Chanpyon an ap retounen pandan semèn sa kote klèb ki plis titre a, Real Madrid, ap rantre nan batay demen madi a. Nan sans sa, Xabi Alonso kise kotch klèb madrilèn nan mete yon lis 23 jwè deyò pou rankont sa kont Olympique Marseille , men gen de (2) gwo sipriz nan lis sa. Jude Bellingham ak Edouardo Camavinga konvoke pou match sa.


Pa figire nan lis Real Madrid depi match demifinal Koup Dimonn klèb FIFA a kont PSG, Jude Bellingham ki limenm te fè yon operasyon nan epòl li kote yo te prevwa l kapab deyò tèren pandan anviwon 2 mwa. Edouardo Camavinga ki limenm te g on blesi nan pye li sa ki fè l te endisponib pou te kòmanse sezon an ak Real Madrid, yon bon nouvèl pou 2 jwè sa yo paske y ap sou ban an demen ak klèb madrilèn nan.



Nan lis 23 jwè sa, Franco Mastantuono jwenn konvokasyon l pou premye fwa nan Lig Chanpyon an pandan karyè l, jèn jwè Ajanten (18 lane) a kapab fè bon kòmansman l si toutfwa Alonso ta demare ak li oswa rantre l nan match la.


Real Madrid ap gen twa jwè ki pral absan nan lis sa. Antonio Rüdiger ki limenm te blese pandan jounen Fifa a ak Almay e ki pral pase 2 ak 3 mwa deyò tèren. Ferland Mendy ki limenm te blese sa gen anviwon 5 mwa, li pral bezwen kèlke semèn pou li kapab retabli pi vit, epi Endrick limenm tou ap bezwen kèk semèn pou li fè retou l nan lis Real Madrid la.



Men lis jwè konvoke yo an detay :



Gadyen : Courtois, Lunin, Fran Gonzalez


Defansè : Carvajal, Militao, Alaba, Trent, Asencio, Carreras, Fran Garcia, Huijsen


Mitan tèren : Bellingham, Camavinga, Valverde, Tchouaméni, Arda Güler, Ceballos


Atakan : Vinicius, Mbappé, Rodrygo, Gonzalo, Brahim Diaz, Mastantuono.



Jameson Lamarre / Rezo9 SPORT

Aucun commentaire