Lamine Yamal p ap disponib pou Barcelone pandan wikenn sa
Jèn pepit Espanyòl la, Lamine Yamal (18 lane) pral gen pou rate match katriyèm jounen Liga a pou FC Barcelone. Li te konvoke pandan jounen Fifa a avèk Espay, ebyen nan 2 match li te jwe yo, jwè foutbòl la te vin gen yon blesi ki pa tèlman grav pase sa men l fè dirijan Barça yo mal paske yo p ap jwenn sèvis li pou wikenn sila.
FC Barcelone retire Lamine Yamal nan lis jwè k pral jwe kont FC Valence lan. Selon AS, chwa sa fèt se paske yo pa t a vle blesi a vin pi grav paske sezon an apenn demare e jwè a jèn, se youn nan rezon chwa sa.
Demen dimanch lan, FC Barcelone ap resevwa ekip Valence lan pou wè nan ki fason yo teka rejwenn gou viktwa aprè yo te fin fè yon match nil nan twazyèm jounen an, e nan mitan semèn nan yo pral gen pou jwe kont Newcastle nan kad premye jounen Lig Chanpyon an, men li trè pwobab pou menm Lamine Yamal sa pa jwe match sa.
Rete branche sou Rezo9 SPORT !!!
